Kilè Tonton Nwèl Ap Pase-Mass Konpa

Genre-Konpa
Year-2009
Paran m te konn pale m de li
Jodya a se nou k pale pou li
Anpil jenerasyon k pase ki pa janm ka fè figi l
Kite m di yon ti verite, se nan kè nou Ton Nwèl abite
Li toujou pase se nou k pa konnen ki fason
[Chorus]
Se nou menm Ayisyen ki pou fè ane sa gen nwèl
Met tèt ansanm konsyantize n pou nou ka jwenn yon vrè noel
Se nou menm Ayisyen ki pou fè ane sa gen nwèl
Met men nan men ann makonnen pou nou ka gen on pi bèl demen
Se nou pa konn ki fason pou n bay nwèl nan kè n larezon
Fè byen ou mal se sa k rekòlte solisyon
Si n jwenn yon pèp byen edike, ak yon gouvènman byen strikire
Ki byen ini kap bay yon nwèl reyalite
[Chorus]
Se nou menm Ayisyen ki pou fè ane sa gen nwèl
Met tèt ansanm konsyantize n pou nou ka jwenn yon vrè noel
Se nou menm Ayisyen ki pou fè ane sa gen nwèl
Ak ti moso lanmou pou nou ka fete nwèl
Jis ki lè Tonton Nwèl ap pase, pase, pase
Men nan men tèt ansanm pou n chante Merry Christmas
Se lè san inosan sispann koule
Sonw bagay chak ane, nou toujou espere
Li pa janm ka rive, pa vle di n pa chanse
Son w bagay chak ane, depi m te ti bebe
Map tan Ton Nwèl pase, m ap gad lanwit prale
Sonw bagay chak ane, kado pa janm rive
Di mwen kote l bloke, Bondye mwen dezole
Sonw bagay ane, yo swete m bòn ane
Chak ane ki rive w ap vin pi malere
Jis ki lè Tonton Nwèl ap pase, pase, pase
Men nan men tèt ansanm pou n chante Merry Christmas
Jis ki lè Tonton Nwèl ap pase, pase, pase
Se lè san inosan sispann koule
Mass Konpa
Merry Christmas
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016