Ayiti Cheri-Jacques Sauveur Jean

Genre-Konpa
Year-1988
Wooooo
Nan peyan m solèy leve chak jou
Se tankou m' te nan paradi
Pou jan bèl flè lanmou blayi
Nan kè tout moun kap viv ladann
Li te gen chans pou l' dekore
Ak pye kokoyè bò lanmè
Bèl flè pouse nan chak sezon
Ki anpeche m' pati kite l'

Ayiti cheri
Andan vant ou m sòti
Lèt manmèl ou-k nouri m', cheri
Pou jan bon pye mango
Rosiyòl kap chante, cheri
Lanmou ap blayi nan kè m' pou ou

Woooo, Woooo

Lontan, lontan lè m' te piti
Ak tout ti zanmi m' m'ap pati
Map chèche chimen la kanpay
Pou m'al twouve bon gou lavi
Lè n' rive n'twouve zannanna
Bon jan kann kreyòl pou n' souse
Dlo kokoye sèvi n desè
Tout bagay sa yo fè m' renmen w

Ayiti cheri
Mwen pa gen dwa troke w
Menm si yap banm dyaman, cheri
Tout zetwal kap briye, ti zwazo kap chante, cheri
Lanmou ap blayi nan kè m pou ou

Wooo, wooo

Kounye-a m'vinn gran mape chante
Nan ti chanson m'leve w byen wo
Paske w pat janm sispann soutni m'
Jouk jounen jodi ke map viv

Ayiti cheri,
Pou koulè syèl la gen lè solèy ap leve
Bon jan van kap soufle lè solèy ap kouche
Lanmou ap blayi nan kè m' pou ou
Ayiti cheri, se nou tout men nan men ki pou sove w
Chèn solidarite ki pou soutni'w
Lanmou ap blayi nan kè m pou ou
Ayiti cheri,
Pou koulè syèl la gen lè solèy ap leve
Bon jan van kap soufle lè solèy ap kouche
Lanmou ap blayi nan kè m' pou ou