Pran Swen Li-Roody Roodboy

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2015
Lyrics By-Roody Petuel
[Intro]
Se pa sa k fèt la, se ak kiyès li fèt la
Se trayizon an

[Verse 1]
Kou a di, li reponn mwen anba kè
Si moral mwen pat wo, jodi a m te ka anba tè
Ou te yon zanmi, ti kolonn pa m, ou mèt kwè m
W ap kouche ak fanm mwen epi lè w wè m w ap rele m frè m
W ap bwè byè m, w ap plede trip avè m
Lavi m te piblik man, ou te konn tout afè m
Pouki se ou? Pa gen anyen m te konn sere w
So m ekri mizik sa a pou m konseye w

[Hook]
Pran swen li, jere li
Paske li se yon bèl fanm ak yon bèl pitit fi
Pran swen li, jere li
Petèt li te merite yon moun miyò ke mwen

[Verse 2]
Sa k fè m mal la, se paske m konnen w pap ret avè l
W ap just ba li de kou epi tou w ap brize kè l
Pale de li nan baz ou pou di jan ke w trip avè l
San ou pa rann ou kont ke w ap met fen nan karyè l
Kote l pase yo pral di gade vwazin lan
M te fè ou konfyans epi w al jwe nan ti pati m nan
M santi m prèske fou, genlè m ap fout pati pati m nan
M reziye m pèdi paske m pa vle pèdi lavi m nan

[Hook]

[Verse 3]
M pa ka fin panse avè l
An desanm m te gentan fè plan pou m fiyanse avè l
Trouble sa k pase la a fè tout moun vin ranse avè l
Si jodi a tanbou lou se paske w fin danse avè l
Mwen konsyan mwen pat dwe leve men sou li
M pat janm vle l kriye, m toujou vle pou l souri
Emosyon, wi twòp emosyon fè yon senp ti aksyon mennen on kokenn chèn reyaksyon
M ap mande padon, padon
Na konprann mwen, m espere n konprann mwen