Adan Et Ève-Black Parents

Genre-Konpa
Year-2015
[Verse 1]
Tankou de ti pijon, tout lajounen n ap karese
Tankou Adan e Èv, nou pa janm mete rad sou nou
Lè n plonje nan pisin nan - Adan e Èv
Lè n ap dòmi nan chanm nan - Adan e Èv
Lè n rive sou kabann nan - Adan e Èv
Pou n al pran ti plezi nou
[Kè]
Pa bliye cheri – fò w sonje cheri se konsa nou te ye
Pa bliye cheri – fò w pa bliye cheri sa ou m pa gen lavi non
Pa kite m cheri – pa kite m cheri san ou m ap mouri wi
[Verse 2]
Nou jis fon w ti fache ou gentan leve ou ale
Mwen di w tanpri souple, ou pa koute m ou pran kriye
Sa m pral di ak enmi m yo
Sa m pral di ak zanmi m yo
Sa m pral di ak fanmi m yo
Si ou leve ou ale
[Kè]
Pa bliye cheri – banm yon chans cheri pou m montre w jan m renmen w
Pa bliye cheri – pa bliye cheri se konsa nou te ye
Pa kite m cheri – banm yon chans cheri pou nou ale pi lwen
Wololololoy – mwen ka mouri, mwen kap soufri
Wololololoy – gad on soufrans gad on mizè
[Keyboard solo]
Lètènèl di on mo pou mwen non
Pascal Laraque ou kontan? Ahaha
Oh non
Se grouv sou grouv, ploge sou ploge
Oh
Gon w moman pou w kriye
Gon w moman pou kè w kontan
Gon w moman pou w chita mete les points sur les i
Pou n jwenn kote pwoblèm sa soti ki fè m pa ka viv anpè
Pou n jwenn kote pwoblèm sa soti ki fè m pa ka viv heureux
[2x]
Sa son w souflèt lanmou
Mwen pran souflèt lè ou al kay manman w
Sa son w souflèt lanmou
Mwen di w souflèt sa cheri li fè m dekontwole
Sa son w souflèt lanmou
Mwen di w souflèt sa li fè lavi m chanje
Sa son w souflèt lanmou
Mwen di w souflèt sa rete l fè m monte on mòn pa do
Mwen di w m anvi rele – rele
Pou soufrans m ap pase – chay la lou
Mwen di w m anvi kriye – kriye
Pou tribilasyon ke m ap sibi - chay la lou
Chay la lou m ap pote
m ap pote (2x) m pap janm lage l
Chay la lou m ap pote
m ap pote (2x) cheri jiskaske w tounen
[Guitar solo]
Wa wa wa wawa
[Outro]
Cheri fòw tounen – cheri fòw tounen
Cheri cheri fòw tounen – cheri fòw tounen
Ou pa ka kite Wesley ap soufri konsa
Ou pa ka kite Wesley ap kriye konsa
Ou pa ka kite cheri map drive konsa
fòw tounen, fò w tounen
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016