M Tombe-Alan Cavé

Genre-Konpa
Year-2001
Lyrics By-Alan Cavé
[Verse 1]
Wè mwen wè wap pase
M santi kè m kase
Ou fè mwen rete bouch be
Tout kò mwen paralize
M eseye pale, meseye bouje
Anpil kontròl, avan m rejwen la pawòl

[Verse 2]
Makomè kouman ou ye
Di mwen pouki m deregle
Pouki chak fwa wap pase
Lang mwen lou, m paka pale
Jodi a m di fò m vanse
Pou nou fè yon ti convèse
Ouve zorèy ou souple
M gen yon bann ti bwa pou m kase

[Bridge]
Fè ke nou kontre pou nou ka voyage
Fè nanm nou kwaze
Fè lanmou san rete
Pou tout kò n pran dife
Jouk tan solèy leve
Jouk tan nou fatige
Jouk mwen tombe

[Chorus]
M tonbe, m tonbe, m tonbe
M tonbe, bon tonbe
M tonbe, m tonbe tout bon, m tonbe
M tonbe, bon tonbe

[Verse 3]
Lò wap gade m manvi rele
Lò wap gade m manvi krye
Depi je ou tombe lan je m ti chou
Ou fè m boulvèse
Loloj mwen vire. m pa konn kote m ye
Mwen dekontrole manmie
M santi m pral tombe

[Chorus]
M tonbe, m tonbe, m tonbe
M tonbe, bon tonbe
M tonbe, m tonbe tout bon, m tonbe
M tonbe, bon tonbe

Fanm sa se bonè mwenan se mirak lan vi mwen
Li chita nan kè m tout la jounen
Pa janm deplase, wo
Fanm sa se bonè m, se mirak lan vi mwen
Toujou nan lespri m, tout sa mwen fè, li pa janm
Deplase

Li anvayi mwen---eh
La anvayi mwen-- eh, eh
Chak fwa mwen wè l
Li fè ko mwen cho, fè san m tounen dlo

Li anvayi mwen--eh
Li anvayi---mwen- eh, eh
Depi m kote l, pye m paka pran tè, mwen santi m anlè

Fanm sa se bonè mwenan se mirak lan vi mwen
Li chita nan kè m tout la jounen Pa janm deplase,
Fanm sa se bonè m, se mirak lan vi mwen
Toujou nan lespri m, tout sa mwen fè, li pa janmDeplase

Li anvayi mwen--eh
Li anvayi---mwen- eh, eh
Depi m kote l, pye m paka pran tè, mwen santi m anlè

Li anvayi mwen---eh
La anvayi mwen-- eh, eh
Chak fwa mwen wè l
Li fè ko mwen cho, fè san m tounen dlo

[Chorus]
M tonbe, m tonbe, m tonbe
M tonbe, bon tonbe
M tonbe, m tonbe tout bon, m tonbe
M tonbe, bon tonbe
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016