Vanite-Riské

Genre-Other
Year-1991
[Verse 1]
Ou di mwen ke m s’on fanm ki chanseuse
Depi m fèt m’ap woule sou lò avèk dyaman
Mwen m’ap di ou, pou mwen richès pa enpòtan
Sa m gen nan kè m lè m’ap chante, lajan pasa achte l

[Refrain]
Pa jije m sou aparans
Ou pa konnen kisa k nan kè m
Lanmou toujou pi fò
Tout byen materyèl se vanite

[Verse 2]
Ou di mwen ke m s’on fanm ki chanseuse
Depi m fèt m’ap mache sou yon tapi saten
Eske w janm eseye touche kè mwen avèk lanmou?
Touche nanm mwen ki an tristès?
Ou simen lajwa?

[Refrain]
Pa jije m sou sa m genyen
Ou pa konnen soufrans nan kè m
Lanmou toujou pi fò
Tout byen materyèl se vanite