Nou Bouke Tann (Konkou Chante Nwèl 1999)-Max Aubin

Genre-Other
Year-1999
Lyrics By-Max Aubin
[Intro]
Ah ah ah ah ah …

[Verse 1]
Sa fè lontan n’ape tann, yo pwomèt w’ape pase
Papa m te konn tann avan n, men ou poko rive
Sak pase w Nwèl ki fè w mize
Si w vini n’a di mèsi, si w pa vin n’a di tanpi

[Hook]
Nou bouke tann, nou pap tann ankò

[Verse 2]
Peyi m pa gen chemine, ni lanèj pou ou glise
Se dwe pou sa Tonton Nwèl ki fè w pase w pa wè l
Se pa ‘on repwoch, men n repete
Si w pot jwèt n’a di mèsi, si w pa pote, n’a di tanpi

[Hook]
Nou bouke tann, nou pa vle tann ankò

[Violin solo]

Ah ah ah ah ah

[Bridge]
Ane pase, jenerasyon pase
Plizyè syèk vin pase
Men milenè rive

Nou pap tann, nou bouke
Oh oh oh oh….

[Outro]
Tout tan n genyen bòk mango fil pou n penyen
Sabliye pou wou kamyon
Oslè
N’ap jwe kanmèm