Nwèl Se Nwèl-BelO

Genre-Reggae
Year-2009
Produced By-Fabrice Rouzier
Lyrics By-Jean Bélony Murat
[Verse 1]
Vil la klere se fanal ki sou tout chimen
Sapen ap plenyen paske yo pa ka limen
Minwi sonnen men kouran poko janm vini
Timoun yo al dòmi, tout bouji preske mouri

[Chorus]
Tonton Nwèl, Tonton Nwèl
Ou k abite nan syèl,
Pote yon branch limyè pou Ayiti ka bèl
Tonton Nwèl, Tonton Nwèl
Nou konnen w’ap pot chay,
Pinga w pase nan Douanes pou pa nan akwochay

[Verse 2]
Nou pase tout yon ane n’ap soufri grangou
Nou reziye nou, n’ap ret tann yon sèl jou
24 desanm, lavèy Kris la te fèt oh non
Nou met ansanm pou nou fè yon bèl fèt

[Chorus]
Tonton Nwèl, Tonton Nwèl
Ou ki ka pot chanjman
Vin ranmase timoun k’ap dòmi sou siman
Tonton Nwèl, Tonton Nwèl
Ou gen konpreyansyon
Ba nou ledikasyon ak kominikasyon yeah

[Verse 3]
Pèp la men se ou l bezwen wè non
Paske se nan pwomès ou li kwè
Lè w vini pa sèlman rete nan Pòtoprens
Ale fè yon ti kout pye nan tout vil pwovens
Pou wè malgre lavi a vin pi di …non
Pou n fete, nou al achte kredi… Lord

[Hook]
Nwèl, Nwèl se Nwèl
Oh non non, menm si peyizan pa plante ankò
Nwèl, Nwèl se Nwèl
Oh yeah, menm si mizè a depase m’di w
Nwèl, Nwèl se Nwèl
Oh non non non, menm si move tan ap soufle
Soufle (oh non non non non)
Soufle

[Chorus]
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016