Sou Do-Jacksy

Genre-Zouk
Year-2012
[Intro]
Oh oh oh oh

[Verse 1]
Ti fanm sa a, gade l soti pou toumante m
Gade li fè mwen ape kriye, fè tout dlo nan je m seche
Ou konnen w se fanm mwen renmen
Ou se fanm mwen dezire nan tchè m
Ou mete m sou do baby
M’ap chante

[Hook]
Baby mwen sou do
Ou mete m a zewo
Cheri yeah…

[Keyboard solo]

[Verse 2]
Mwen di doudou ou te di w padone m
Gen moun ki rakonte m, yo fè m konnen ke w pral kite m
Mwen santi m toumante paske mwen wè ou vle ale kite m
Tout lasent jounen m’ap kriye, m’ap kriye

[Hook]

Pou m ta g’on ti fanm pou m pa ba l lòv
Kòman sa
Se nan plenyen plenyen pou m ta soti avè l
Kòman sa
Men si pou n ta plase n’poko marye
Kòman sa
Se paske non non, non non m’potko pare
Lè l bezwen karese, m’karese avè
Lè li mande m soti, mwen soti avè l
An menm tan mwen ta di w pou lòt fanm pa rele m
Li mande pou m kenbe men l
Mezanmi pou lòt fanm pa tcheke m
Li mande pou m kenbe men l

[Keyboard solo]

Oh oh oh oh oh
[Outro]
Tanpri cheri padone m (hmm bèl ti cheri)
Tanpri bebi pa kite m
Pa nan pale met la, non m’pa nan pale met la
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016