Gad'on Rèv-Wanito

Genre-Other
Year-2011
Produced By-Peacetones
Lyrics By-Ouis Pascal Juanito Beaubrun
[Intro]
Non non...non non non ye…non non

[Verse]
Machann konbyen w vann bèso
Mwen pral papa trè byento
Nouvèl sa fè tansyon m monte byen wo
M’ap mennen on vi chomeko, bagay sa rèd o
M’sot konpoze nan Philo, tout pwojè m tonbe nan dlo
Talè m g’on fanm ki pral kage sou do
M’oblije repanse bagay yo
M’pa konn sa m’pral di manman m
Pou vagabon l pral pran m, se nan fanm mwen pase tanm
Li pap pè pou l kase dan m, e l’ap mete m deyò
Pa menn bezwen pèdi tan m
[Refrain]
Tout zanmi m yo la, mwen wè yo tout la
Yo tout kandida (bis)
Wanito m’vle parenn
Tanpri, tanpri, tanpri ban m parenn
Wanito m’vle marenn
Tanpri, tanpri, tanpri ban m marenn
[Verse]
M’al kay matant Locita, li abite Delmas 33
Lè mwen di’l sa l’ gentan fè wondonmon
O si m gen fanm gwòs se afè m ki bon
Kouri m’travèse lari a, tèlman m’te santi m tèt anba
Machin ap klaksonnen se pa pou mwen sa
Tèlman m t’ap panse ak bebe a
Ou wè manman l mete l deyò
M’al avè l andeyò pou n’al chèche lavi miyò
Lè’m rive yo ban m manchèt, yon kabann kat pikèt
Yon chanm kay ki san fenèt
Tifi a tonbe kriye
L’ap gade m k’ap sekle, jaden mayi m’ap plante
Solèy cho kò m ap pike m, fomi tonbe mòde m
Pa g’on zanmi pou ede m

[Bridge]
Se lè sa l di’l gen tranche
Sou fèy bwa li kouche, se la l pral akouche
Met men nan tèt m’ap rele
Se lè sa m reveye, se nan dòmi m’te ye
Ou oh! Ou oh! Ou oh!
[Verse]
Gad’on rèv ti mesye
Sa se yon kochma ti mesye
Le’m mwen reveye m’delivre ti mesye ti mesye ti mesye
Gad’on modèl kochma ti mesye
Se nan dòmi m’te ye ti misye
Gras a Dye m’reveye ti mesye ti mesye ti mesye

[Refrain]
Tout zanmi m yo te la
Tèlman yo te la, yo tout te kandida (bis)
Wanito m’vle parenn
Tanpri tanpri tanpri ban m parenn
Wanito m’vle marenn
Tanpri tanpri tanpri ban m marenn
[Verse]
Gras a Dye sa pa rive
M’poko prè, m’pa prè pou m g’on pitit tande
Men lè ma gen posiblite, mwen pap pè pou’m fè yon bèl pitit tande
Mwen pap gen tèt chaje, okontrè m’ap fete
Tout zanmi m envite
Sa k pral rele m sou kote
Kilè l’ap batize, fiyèl se pou mwen l’ ye

[Outro]
Wanito m vle parenn
M’ap di w pa gen pwoblèm ou mèt pran parenn
Wanito m vle marenn
M’ap di w pa gen pwoblèm ou mèt pran marenn zanmi mwen (bis)