Tic Toc-Cruz La

Genre-Konpa
Year-2014
[Intro]
Cruz La…
Cheri m’pa gen tan non la a

[Verse]
Se vre m’pa wè w souvan, men m’panse avè w tanzantan
Pa pase yon moman pou lan lespri m ou pa prezan
Pa ka tann ankò, cheri se tan k’ape pase
Fòk ou deside w, bebi fò w di m si w vle avè m

[Hook]
Tic-toc, tic-toc wo
Doudou mwen, pa koute sa y’ape di
Tic-toc, tic-toc ayayayay

[Keyboard - Scooby]
Cheri w tande, se lè a k’ap mache wi laa
Mwen pare wi...Ok

[Verse]
Konnen w pral di mwen pou pran pasyans
Sa fè m santi w’ap pase m nan rans
Fòk ou di yon mo, tanpri fè mwen kado
Souvan m’vle demisyone, bliye ke w te egziste
Lè lanmou sele w, kwè m se kè w k’ap deside

[Hook]
Tic-toc, tic-toc wo
Cheri mwen, pa koute sa y’ape di
Tic-toc, tic-toc ayayayay
Doudou mwen pwoche, pwoche vin jwenn mwen
Tic-toc, tic-toc wo
Se tan k’ap pase, fòk ou deside w
Tic-toc, tic-toc... ayayayayay

[Guitar - Alfredo]
Alfredo w’ap fè moun yo dodo nan moman sa la a
Ba yo kòd, ba yo kòd
Alfredo ban m yon lòt bagay souple
Alò cheri w’a tande
Wey

[Hook]

[Keyboard groove - Scooby]
Ban dèye a…
Ah ah
Men leson an wi
Cheri gade revèy ou, gade revèy ou, di m kilè l fè
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016