Je M'en Fou-T-Micky

Genre-Zouk
Year-2011
Featuring-Hantz Mercier Jr. (Ti Ansyto)
Produced By-Sandro Martelly
Lyrics By-Badi Kamal
[Intro]
Big O Productions (2x)
I’m in love (5x)
Li soti pou l vòle tèt mwen
Li soti pou l vòle tchè an mwen
(Men cheri w’anraje)

[Verse 1]
Mwen pa vle w di m nou twò piti
Ou se fanmi, e nou twò zanmi
Ke l pap posib pou nou soti ansanm
Pandan se ou ki mache nan sanm
Pran lespri mwen, pran lavi mwen
Cheri se ou ke mwen bezwen
M’kòmanse aprann konn renmen

[Chorus]
Je m’en fou
Renmen w deja, pap ka chanje sa, baby
Je m’en fou...je m’en fou
Je m’en fou
De je fèmen, mwen ba w lavi mwen, baby
Je m’en fou
Mwen konnen, mwen konnen w renmen m
Fò m genyen w kanmèm

[Verse 2]
Mwen ta renmen w reyalize
Nan lavi mwen, jan w konte
E si w pa la, kisa m’ap ye
De je m pete, mwen egare
M’ape mache san direksyon
Tankou ‘on pwoblèm san solisyon
De je fèmen san pozisyon
Map tann ou ak enpasyans

[Chorus]

Cherie je t’aime, tu m’aimes, et bien on s’aime.

[Guitar solo and Sandro vocalizes]

[Hook]
Li soti pou l vòlè tèt mwen
(Li soti pou l vòlè tèt mwen)
Li soti pou l vòlè tchè an mwen
(Vòlè tchè m, vòle tchè m)
Li soti pou l vòlè tèt mwen
(Ou vòlè kè mwen)
Li soti pou l vòlè tchè anm

Maestro, pa fè sa…

[Ti Ansyto aka Maestro]
Ou vòlè kè mwen
Ou vòlè tèt mwen
Kenbe m, kenbe m
Pa kite m sove
Nan prizon kè w se la ke mwen vle prizonye (Fo sho!)
Dèyè bawo lanmou w se la mwen vle rete

[Guitar solo]
Wooo, konpa konpa!
Franky poze...pa fè sa

[Keyboard solo]
Wooo chanje chanje chanje
Wooo
Junior, fanatik nimewo un...sa w wè?
Badi fanm nan pa kite m viv non men
Franky pale avè l pou mwen

[Guitar solo]
Wooouuuu, konpa, konpa!
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016