Malere-Les Frères Déjean

Genre-Konpa
Year-1982
Featuring-Isnard Douby
Produced By-André Dejean & Fred Déjean
Lyrics By-André Dejean & Fred Déjean
[Verse 1]
Kite mizik sa a jwe, pouki n’ap chanje pòs la
Mizik sa a g’on mesaj landan l
Manman m pale m anpil, l
Li mete m siveye l pou m kapab anrejistre l pou li
Oh oh, tande sa yo di:
Lè yon nonm fè mal li peye sa kanmenm avan w mouri

[Verse 2]
Kite mizik la jwe, pouki n’ap chanje pòs la
Mizik sa a g’on lòbèy landan l
Manman m pale m anpil, l
Li mete m siveye l pou m kapab anrejistre l pou li
Oh oh, tande sa yo di:
Lè yon nonm fè mal li peye sa kanmenm avan w mouri

Kanmèm, kanmèm fò w peye

[Chorus]
Lè yon nonm san senk pa ka di li malere pou sa
Gen sa k gen lajan, yo pa sa manje, se yo k’ malere
Se yo k’ malere

Sa s’on nouvèl nou pot pou yo
Tande mizik sa a
Sa s’on mesaj nou pot pou yo
Pa chanje pòs sa a

Oh oh, tande sa yo di:
Lè yon nonm fè mal ou peye sa kanmenm avan w mouri

Woy
Wouli wouli wouli wouli
Vini m pale w
Mache prese

[Hook]
Moun sa yo se yo ki malere
Moun sa yo se yo ki nan pwoblèm

[Chorus]
Lè yon nonm san senk pa ka di li malere pou sa
Gen sa k gen lajan, yo pa ka manje, yo pa ka dòmi

[Hook]

Bondye bay lavi,
Li pa di pou vann ladan pou gen lajan
Pou lè jou a rive, ou pap gen chay pou pot ale

[Hook]

Lè w tande yo pran pou yo fè mal,
Yo pa janm panse a demen
Men lè jou a rive, yo pran La Bib,
Yo rantre nan Pwotestan…woy

[Hook]

Malere, se yo k’ malere (rpt)

Oh oh, tande sa yo di:
Lè w nonm fè mal ou peye sa kanmenm avan w mouri

Se yo k’ malere