Tribilasyon-Boukman Eksperyans

Genre-Rasin
Year-1991
Featuring-Eddy François
Produced By-Daniel Beaubrun
Lyrics By-Eddy François
[Verse]
Remèt mizè w bay moun ki renmen w lan
Sila ki te bay lavi l pou l te sove n
Fò n ka wè se nan li ke nou ka sove

[Chorus]
Li kapab delivre w nan tout tribilasyon
Sa ki pi enpòtan se pou n kwè nan li
O gad’on lavi, mwen ta viv tout tan
E se nan li, nou ta viv nèt ale

[Verse]
Si ou ta gade dan lavi w ou wè gen fènwa
Vire fas ou bay limyè a, sila k’ te kreye n
Se li ki wè toupatou, menm nan fon kè n
Ebyen frè mwen fò n chwazi chimen lavi a

[Chorus]
Li kapab delivre n nan tout tribilasyon
Sa ki pi enpòtan se pou n kwè nan li
O gad’on lavi, mwen ta viv tout tan
E se nan li, nou ka viv nèt ale

Nou ka viv nèt ale

[Guitar solo]

[Chorus]