Webè-Mizik Mizik

Genre-Konpa
Year-1997
Produced By-Fabrice Rouzier

[Verse]
Kisa pou m di w pou m fè w konprann ke lavi a pa si fasil
F’on chita pou ka wè klè kote w vle ale
Fò w deside w sou s’aw pral fè
Ou jwe tout vi w nan fanm sila a
Ou bliye tout sa papa w manman w te pale w

[Verse]
Ban m yon ti tan pou m eksplike w
Sa w fè nan vi sa a se li w wè
Tanpri frè m reflechi byen pou pa pèdi vi w
[Chorus]
Webè, fè atansyon ak fanm sila a
Webè, ti pwason pa swiv gwo kouran
Webè
L’Eternel
Yes…
[Keys & Guitar]
Keke

[Chorus]
Fanm sa a monchè se li k’ap detwi lavi w
Detwi lavi w
Wa koute fanmi w si w ta vle sove lavi w
Men fanm sa a monchè se li k’ap detwi lavi ou
Detwi lavi w

[Chorus]
Oh ou deside w’ale ou pran fanm sa a pou vi w
Ou pa bezwen konnen si malè ka rive w
Vire do w bay manmi, vire do w bay fanmi w
Ou kwè se ou k’ granmoun, se ou k’ deside
[Horns & Keys]
Yes…
Kite konpa a poze pou l ka respire
Let it breathe

Dewti lavi w