Webè-Mizik Mizik

Genre-Konpa
Year-1997
Produced By-Frabrice Rouzier
[Verse 1]
Ki sa pou m di w pou m fèw konprann
Ke lavi a pa si fasil
Fè yon chita pou ou ka wè klè
Kotew vle ale
Fow desidew sou saw pwal fè
Ou jwe tout viw sou fanm si la
Ou bliye tou sa papaw manmanw te pale

[Van]

Fè yon ti chita pou m eksplikew
San fè nan vi sa se li ou wè
Tanpri frè m reflechi byen pou pa pèdi
Vi ou

[Refrain]
Webè fè atansyon a fanm sila
Webè ti pwason pa swiv gwo kouran

Fanm sa monche
Se li kap detwi laviw
Wa koute zanmiw
Si ou ta vle sove laviw

Ou deside w ale, ou pran fanm sa pou vi ou
San ou pa bezwen konnen,
Ki malè ka rivew
Vire do w bay manmanw, vire do w bay fanmi w
Ou kwe se ou k granmoun se ou k deside