Bel Ti Moman-Harmonik

Genre-Konpa
Year-2013
Bèl ti moman
Sung by Nickenson Prud ‘Homme

Moman sa pap janm efase
Moman sa pap janm efase

Eske w sonje doudou
Nou pase bèl moman foli
Nou gen de bèl souvni
Kote nou te toujou an amoni
Nou fè tout sa anpli lòt reve fè

Bel ti moman
Toujou rete grave
Pap janm ka efase
Bel ti moman
Toujou rete grave
Pap janm ka efase

Si w ta mande m esplike
Pawòl mwen yo pap ase
Nan memwa m ou ret grave
Fò m ta yon engra vre
Fò m ta manje manje bliye
Pou sa mwen avèk ou pase
Nan memwa m ou ret grave
M’pa sa chanje sa

Bel ti moman
Toujou rete grave
Pap janm ka efase (efase)
Bel ti moman
Toujou rete grave
Pap janm ka efase

Si w ta mande m esplike
Pawòl mwen yo pap ase
Nan memwa m ou ret grave
Fò m ta yon engra vre
Fò m ta manje manje bliye
Pou sa mwen avèk ou pase
Nan memwa m ou ret grave
M’pa sa chanje sa

Bel ti moman
Toujou rete grave
Pap janm ka efase
Bel ti moman
Toujou rete grave
Pap janm ka efase

Nou se de privilejye
Fòk nou ka konprann sa
Ou pa konn pou mwen jan’w konte
Mwen valorize sa

Mwen pa pral ret tann ou ale lwen m
Pou m di si m te konnen
M’ap demontre w kouman mwen renmen w
Olye demen m vin plenyen

Nou se de privilejye
(ou pa dwe neglije sa)
Fòk nou ka konprann sa
(pou neglije sa)
Ou pa konn pou mwen jan’w konte
Mwen valorize sa

Nou se de privilejye
(ou pa dwe neglije sa)
Fòk nou ka konprann sa
(pou neglije sa)
Ou pa konn pou mwen jan’w konte
Mwen valorize sa

Mwen pa pral ret tann ou ale lwen m
Pou m di si m te konnen
M’ap demontre w kouman mwen renmen w
Olye demen m vin plenyen

Nou se de privilejye
(ou pa dwe neglije sa)
Fòk nou ka konprann sa
(pou neglije sa)
Ou pa konn pou mwen jan’w konte
Mwen valorize sa

Nou se de privilejye
(ou pa dwe neglije sa)
Fòk nou ka konprann sa
(pou neglije sa)
Ou pa konn pou mwen jan’w konte
Mwen valorize sa
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016