M'Anvi Bliye W-X-Tassy

Genre-Konpa
Year-2014
[Intro]
X-Tassy
Again and again yo

Kite m bliye w
Ooo...ede m bliye w

[Verse]
Mwen jalou, mwen fache
Gen defwa m'enkyete, mande w si sa rive
Mwen rayi w, mwen renmen w
Gen defwa mwen finn fou pou ou
E si w te konnen kijan ou fè mwen mal
Ou pran m ou chire m ou kite m mil moso
Ou fè moun ri m, fè moun pran m pou egare
Oh non non non

[Hook]
M'anvi, m'anvi bliye w (4x)

[Keyboard groove]

[Chorus]
Cheri ou fè mwen mal
Pou jan m’te konfye w, m’te ba w tout sous vi mwen
Cheri ou fè mwen mal
M’pat jan te panse se ou ki t’ap brize kè mwen
Cheri ou fè mwen mal
Ou konn kisa w t'ap fè, pa di se erè
Cheri ou fè mwen mal
Oh m'anvi bliye w, m'anvi bliye w

[Keytar groove]


Woh woh
Pou jan m'te renmen w
Pou jan m’te adore w

[Keytar groove]

Ki ki ki ki konpa
Woy!

[Outro]
M'anvi...kite m bliye w
M'anvi bliye w
M’anvi...ede’m bliye w
M’anvi bliye w