[Intro]
Baoli Records baby
Paradise
Ayiti cheri
M ap enjoy
M ap trip nan peyi a
Ann ale
[Chorus]
Gad on ti peyi mezanmi Ayiti
Gad kijan m ap enjoy - Enjoy
Lakay se lakay bon manje, bèl plezi
Yon paradi m ap enjoy - Enjoy
Se konsa mwen wè l
Gad jan peyi mwen bèl
Mezanmi kite l viv non
Li lè pou l avanse
[Verse 1]
Mwen renmen Ayiti m pap janm viv lòt kote
Se ti peyi m, ti cheri m se li ke m adore
Mwen santi m cool lè m di se Ayisyen mwen ye
Malgre pwoblèm ke m konnen n genyen oh oh
Mwen pap janm kite bèl peyi sa gaspiye
Pou jan l gen trip ladan l imajine w kisa l ta ye
Si nou met lòd nou mete n a la mòd
[Chorus]
[Verse 2]
M bwè dlo kokoye m manje lanbi m souse rapadou
Banm yon ti dous makos ak yon ti Barbancourt
M gen annpil lanmou pou wou pase mwen konn sa ou vo
Devan lemond antye fò drapo w vole pi wo
Nou gen bèl mòn, bèl lanmè
bèl sous, bèl rivyè bon son, ak frechè
[Chorus]
[Bridge]
Nou soti lwen yon jou na rive lwen
Peyi sa pa ka gaspiye
E lè m ale, mwen toujou retounen
Paka kite l dèyè fò nou voye li monte
Fò nou demele kò nou yon jan pou n sa ranje
Pou n fè l rive pi wo
[Pre-Chorus]
Ayiti son gwo ti peyi vre
Se pa manti non
Se pawòl serye
[Chorus]
[Outro]
M ap enjoy, m ap enjoy
M ap enjoy Pòtoprens, e sitou nan provens