[Chorus]
M awoyo
Voye chèche lajwa la pè di yo m bezwen yo
M awoyo
Mwen mete de bèl chanm sou do kay la pou yo
M awoyo
Mwen met ogèy ak ego sou bèl anbago
M awoyo
Di yo m chanje lavi mwen kite m anrepo
[Verse 1]
Padone mwen si w pa tande m
Mwen te fè twòp tan ap viv yon vi ki pa vle m
Pwoblèm mwen yo fè m neglije w
Doulè mwen yo te twò wo pou mwen eksplike w
Sorry se pa valè m pa konprann valè w
Men pou mwen ka byen
Mwen oblije travay sou mwen
[Verse 2]
Lanmou
daprè sa mwen byen konprann se pi bèl nou genyen nan nou
men trè souvan l kache dèyè mal ki la yo tou
sa fè l difisil pou kè yon moun nan priyorite ou
lè pa w la pa la
[Chorus]
[Keyboard Solo]
M awoyo
[Verse]
Si w pa ta la si w pa ta la adje
Bondye m ap respekte chwa ou
Moun sa w ban m la moun sa w ban m la sa vre
M ape pran swen l pou ou
Jou n pa ta la jou n pa ta la sa vle
Di lanmò fè n on move kou
Kounya nou la ban m pwofite gate w - M awoyo
Pa menm gen deba
Sou kijan w jwenn mwen en très mauvais état
Ou wè nan fon kè m te gen bon ou tou ret la
Malgre m te n on twou ou kenbe men mwen men mwen
Ou rale mwen monte
Nou goumen nou sove pita
Ann soti a pitit nou an nou selebre sa
Mwen fin awoyo mèsi pou sa
[Keyboard Solo]
Cheri men de twa mil mèsi
E sa pa menm sifi
Pou sa ou fè nan vi m
Wo cheri men de twa mil mèsi
E sa pa menm sifi
Pou sa ou fè nan vi m
M awoyo