[Verse]
Pye atè map mache
Nan jaden lavi
Gen kap simen zenglen
M pa pè map souri
M bay tout moun sipò
Lanmou tribòbabò
Sa k avè m yo pi fò
Yo konnen m pa an tò
Yap fè konplo m wè yap chache m
Pou y atake mwen
Pa kwè yap ka kenbe m
Sa yo konnen an m konnen l
[Chorus]
Pwoteje mwen
Map mande fòs yo pwoteje mwen non
Pwoteje mwen
Tanpri papa fò w pwoteje mwen la
Pwoteje M
[Verse]
Lèm limen balen
M pale
M mande pwoteksyon
Lespri pale ave m
Gide pam yo nan bon direksyon
Tout eleman yo reyini
Map aliyen a linivè
Sa kap pale yo mèt fè bri
Se nan silans mwen m fè yo wè
Fè yo wè fè yo wè fè yo wè
Fè yo wè fè yo wè fè yo wè
Fè yo wè
[Pre-Chorus]
Ohhhh Ohhh
Lè m mache avew m pa ka pè moun o
Ohhhh Ohhh
Lè m mache avew m pa ka pè moun o
[Chorus]
Pwoteje mwen
M ap mande fòs yo pwoteje mwen non
Pwoteje mwen
Tanpri papa fò w pwoteje mwen la