[Intro]
Woah, ah, laisse-moi partir, laisse-moi m'en aller, laisse-moi partir
[Verse 1]
Tèt mwen te panse se li k te pi fò, li k pi intèlijan
Cheri m ba w lanmou ak tout sa yo rele santiman - santiman
Swa mwen te mouri swa m t ale lwen
Kounya se ou ki vin ba nou chemen
M te kwè vizaj ou t ap soti nan tèt mwen fasilman - Ouh, ouh, ouh
[Pre-chorus]
Pap janm di ou te mechan - Mechan
E ou fè m pèdi anpil tan - Anpil tan
Depi lè n pa pale
ou chita nan panse m ou toujou met men w a distans - Distans
Tout bagay pa oblije fè sans
M renmen w men m pa vle avè w ankò
E kounya m komprann ou pa ka kondwi lanmou si w pa gen lisans
[Chorus]
Tanpri kite m ale - Ale
Tanpri kite m ale - Ale
Ou fè ti kè m bobo, se ou ki te toujou alèz
Tanpri bondye fè l ale - Tanpri
Li nan tèt mwen l pa vle ale
Ou fè ti kè m bobo, ou two toksik kite m ale - Oh, nan
[Verse 2]
Ou toksik cheri tanpri kite m ale
Konbyen fwa zanmi m ak manman m te pale m
Pran ti kè m tankou dwòg epi yo detaye m
Cheri w nan tèt mwen souvan, nan tèt mwen souvan
Gad on gwo koze manman, pou kè mwen pat bat twò souvan
baby ou son maladi san kalman, baby ou son maladi san kalman
[Pre-chorus]
[Chorus]
[Groove]
Azigizig, zigizigi, zigiwou
Oh, oh
Ede m chante
Oh, oh
Sa son mizik je fèmen
Danse zou djazz sa
Oh, oh
Henhen
Oh, oh
Azigizig, zigizigi, zigiwou
Amarito move
Ay, ay
Cheri, konpa
Woy