[Verse]
Vle fè w sèman se pou tout moun temwen
Pou ou pa gen anyen m ap pè afwonte
Li lè pou n yon fanmi pou w pote pitit mwen
Kwè mwen pa gen anyen ki kapab bare n
[Chorus]
Ou leve kè m anlè menm lè tout rès kò mwen atè
Chak fwa lè mwen tonbe ou di m non leve
Padon si m pa ka anpeche dlo koule nan je m
Men jodia mwen kontan se ou m ap marye
[Choir]
Oh oh oh oh
Oh oh oh oh
[Verse]
Lontan n te de men kounya nou fè youn
Nou gen pou n viv ere tankou de bèl moun
Pa ka kache kontantman k nan kè mwen
Le mond antye dwe tande ou se madanm mwen
[Chorus]
[Keyboard Solo]
M pare pou m marye
Lè w tande Harmonik ou wè fanatik
[Chorus 2]
Gade gade gade
Gade jan m g on bèl madanm
Gade jan kè mwen kontan
[Verse]
Mwen pwomèt ou kè kontan pa w avan pa m
M ap toujou mete w devan
Paske kè kontan w se objetif mwen se desten m
W ap toujou devan
Rèv mwen se pou lanmou nou pa janm fini
E n ap toujou rejwi
Paske kounya n gen yon sèl vi jouk nou mouri