[Verse]
Email gentan apwouve tout papye yo fin skane
Biyè mwen deja achte kounya se jou m ap konte
Pa janm met yon fwa nan tèt ou yon jou m ap bliye w
Ou ki se sèl degouden m ou konnen byen w se tout monnen m
Ou ki bati pasaj nan kè m moun ki toujou nan enterè m
Pa janm met yon fwa nan tèt ou yon jou m ap bliye w
[Chorus]
Lè w wè avyon an rive dekole
Konnen se sèl avèk kò m li ale
Ou mèt ret tann mwen doudou
Ou mèt ret tann mwen doudou
Ou mèt ret tann mwen
[Verse]
Si m te ka mare w avè m kole avè w pou w al avè m
Pou w pa janm rete twò lwen m tankou se avè w Bondye te fè m
Pa janm met yon fwa nan tèt ou yon jou m ap bliye w
[Chorus]
[Groove]
[Choir]
Sikonstans lavi fè mwen ale ale ale
Kite ou kite ou yo fè m kite ou
(2x)
[Verse]
Konnen l ap pran m du temps
Men li pap pran mwen twò lontan
Se vre ou ale lwen m men m ap kite kè mwen nan men w
Ou mèt ret tann mwen (3x)
Si m ta gen pou m tounen
M ap tounen pou m ka kenbe men w
Ziltik ou nan fon kè m
Ou pa dwe pè menm si w pa wè m
Ou mèt ret tann mwen (3x)
[Choir]
Sikonstans lavi fè mwen ale ale ale
Kite ou kite ou yo fè m kite ou
(2x)