[Chorus]
M ape priye bondye pou li kapab ede n
Pou l mete lapè antrenou
pou li mete lapè nan kè nou tou de
m ape priye Bondye pou li kapab touche n
pou li mete lapè antrenou
pou li kapab fè nou rive pi lwen
[Verse]
nou dwe yon modèl k ap viv lanmou san mizire
lèzòm gen pou wè twofe n nan men n y a va rekonpanse n
listwa n ap grave kote pèsòn pat janm panse
nou youn pa dwe inyore tout eprèv nan lavi n gen pou n pase
[Chorus]
[Verse]
nou dwe awoze yon relasyon ki trè devwe
nou pral kiltive yon lanmou ki pa nan ni wete ni mete
tout kote n pase nou dwe yon koup ki apwouve
yo pral mande sa nou fè men renmen pa fèt san pèsevere
[Keyboard Solo]
Ohoh
Nou pap abize lanmou
[Chorus 2]
Nan relasyon ki gen lanmou toujou dire pi lontan
Kwè mwen, ou mèt kwè mwen, kwè mwen
Nan relasyon ki gen konfyans toujou pi dire pi lontan
Kwè mwen, ou mèt kwè mwen, kwè mwen
[Verse]
N on relasyon depi genyen dyalòg gen lonjevite
Se sa nou bezwen – Kwè mwen, ou mèt kwè mwen, kwè mwen
N on relasyon depi genyen lanmou nou ka avanse
Se sa nou bezwen - Kwè mwen, ou mèt kwè mwen, kwè mwen
[Keyboard Solo]
Mwen prale chèche lanmou