[Verse]
Gen lafwa se gwo koze pou mwen rive posede w
Ou fè m yon moun ki merite kouwone
Panse m jwenn loubri nan memwa w
Pran souf pou m respire nan vwa w
M met ajenou pou mwen respekte tout lwa w
Mwen pa pè lage kè m ak tout nanm mwen nan men ou
Mwen pap f on pa
Mwen pap f on pa
[Chorus]
Lanmou w ka travèse nenpòt boukliye
Kote tout manti egare tout sekrè devwale
Rega w ka fann an de tout lanmè ki move
Kote tout zanj ap mande pou konn kiyès ou ye
[Verse]
Mwen rive mache dwat e gòch
Pou mwen pote lò ak wòch
Bati pou ou yon chato ki tèt anba
Mwen pa pè lage kè m ak tout nanm mwen nan men ou
Mwen pap f on pa
Mwen pap f on pa
[Chorus]
[Groove]
Oh oh
[Hook]
Di mwen ki boukliye ou pa ka travèse
Di mwen ki miray ou pa ka fè tonbe
(2x)
[Verse]
Tout sa k de gradè mwen vle pou w kite l pou mwen
Sere l pou mwen (2x)
Avèk tout mirak ou pare pou w fè sou mwen
Sere l pou mwen (2x)
Tout sa k bon nan kè vini pou w simen l sou mwen
Sere l pou mwen (2x)
Mwen pote kò m ak tout nanm mwen bò kote w m vle ye a jamè