[Chorus]
Lè Bondye ba w yon chans fò w pa janm neglije l
Fò w toujou aksepte l e fò w pa kwè ke li pa enpòtan
Lè Bondye ba w yon chans fò w pa janm neglije l
Chwa li pa janm sanble avèk tout sa ke nou ta vle
[Verse]
Istwa n diferan li gen anpil pasyon
S on wout ki byen trase pou fè kè nou pran menm direksyon
Avèk ou m aprann ke lanmou pa likid
Ou mèt fè sa ou vle fòm li pap janmen chanje
[Chorus]
Lè Bondye ba w yon chans fò w pa janm neglije l
Sèvi avè l kòm sa dwa konsa w a wè bonè w sou tè sa
Lè Bondye ba w yon chans fò w pa janm neglije l
Chwa li pa janm sanble avèk tout sa ke nou ta vle
[Verse]
Lanmou gen yon kouran ki gen anpil pouvwa
Si w vire do w ba li sa ka mete w nan derizon
Si w fè move chwa w ap bay tèt ou traka
Lanmou san pasyon kapab tounen on touman
[Horns]
[Chorus 2]
Zanmi w toujou ap di w yo pa wè sa mwen jwenn nan ou
Se yo ki wè l konsa
Ala yon fanm tankou w kiyès ki pral ranmase l
Se yo ki wè l konsa
Daprè yo menm mwen pa okouran jan vi w te ye
Se yo ki wè l konsa
Nan ou mwen jwenn e m wè tout sa k ap bon pou nou
[Verse]
Wi se ou k fè kè m kontan pa gen anyen w kache m
Mwen pap ka chanje pase w avni w byen asire
Wi wi se ou k fè kè m kontan ou pran sa k bon nan mwen
Pou w ka chanje defo m mèsi pou lanmou w
[Keyboard]
Tchaa oh oh
Se sa k fè ou diferan
Lafamiy men konpa
M manke pèdi madanm mwen
Lafamiy men konpa
[Choir]
Se lè w pa la yo konprann prezans ou te enpòtan
Yo te konn imilye w lè ou la
Yo te konn imilye w lè ou la
[Verse]
Si m t ap tande zanmi k ap pale
An verite nou pa t ap ansanm ankò doudou
Si m t ap tande zanmi k ap pale
Yo menm di w se malediksyon m
Se malediksyon m
Se malediksyon m ohh