[Verse]
Nou te kapab fè pi byen kapab fè pi byen
Pou yon bon demen – yon pi bon demen
Si nou chwazi pou n renmen
Yon fwa ou byen plizyè fwa – l ap vo yon milyon fwa
Se pou nou padone youn lòt
Lè nou pare pou n bliye sa se sèl solisyon
[Chorus]
Li lè pou nou pare
Nou santi nou pare
Pou n renmen youn lòt
Nan respè n a gen pou n viv yon lòt fason
Nou santi n anbake pou n fè yon sèl fòs
Mwen menm avè w n agen pou n viv lanmoun vanyan
Ann viv lavi a paske se yon kado
[Verse]
Li tèlman fasil pou renmen
Renmen pa janm fèt an ven – renmen tèlman vle renmen w
Si n chwazi padone youn lòt
Yon fwa oubyen plizyè fwa
L ap vo yon milyon fwa
[Chorus]
[keyboard Solo]
[Verse]
Renmen se don nou tout posede
Nou pa gen plas pou la haine vin anchene
Vin anchene, vin anchene
Move lespri pa ka fè n doute
nou gen tout dwa n pou lanmou pèsevere – pèsevere
nou tout sivilize nou tout ap evolye
ann trase ekzanp pou lòt yo (2x)
chaje pepinyè fò n f on jan pou yo wè klè
ann trase ekzanp pou lòt yo (2x)
[Verse]
renmen s on kado pou n pataje
Nou pa gen plas pou la haine vin anchene
Move lespri pa ka fè n doute
nou gen tout dwa n pou lanmou pèsevere – pèsevere
nou tout sivilize nou tout ap evolye
ann trase ekzanp pou lòt yo (2x)
chaje pepinyè fò n f on jan pou yo wè klè
ann trase ekzanp pou lòt yo (2x)
[Guitar]
Renmen e padone (4x)