[Verse]
Mwen deja fin sèmante ou fè loraj boule m
Poutan mwen panse se pou mwen w te ye
Yon lanmou m ap chèche sove ou pran l voye l jete
Ou pran pòz ou kanpe an mèt afè
Si w wè m pa pale
mwen pat janm vle divize nanm mwen ak nanm ou
si m rete bouch be
se paske m konnen zanj mwen zanmi ak zanj ou
[Verse]
depi w tande se mwen avè w
m te panse m te konnen w pase kè m
depi se mwen menm avè w lavi nou pat gen sekrè
depi nan kòmansman – mwen te toujou vle lapè
mwen pa vle an diskisyon – pou demen nou pa regrèt
ou konnen m pa renmen lagè – menm lè w pa vle
m oblije ba w legen – cheri mwen ba w legen
ou mèt genyen nèt
[Keyboard]
cheri w genyen deja – ou genyen w genyen
ou genyen deja
cheri w genyen deja
ou genyen deja
cheri w genyen deja
ou genyen deja
[Verse]
M te di w koken pa ladan l – m tap panse pou ou
pou jan m tap defann ou – m tap panse pou ou
mwen te vle w ak tout kè ou – m tap panse pou ou
pandan m te ba w tout kè mwen – m tap panse pou ou
blese pa ladan l – m tap panse pou ou
ou fann jouk andan m – m tap panse pou ou
nan konpa dirèk la depi n wè Harmonik yo di
nou wè fanatik
[Keyboard]
Ou pa ka chanje sa
Yo pale sou do n
HMK
Epi se ou l te ye
depi n wè Harmonik yo di
nou wè fanatik