[Verse]
Ankò, dlo nan je mwen koule ankò
Menm istwa repete ankò
Pwomès ou pat kenbe ankò
Ankò, maling nan reblese ankò
M pa konn si l ap geri ankò
Oh wi fwa sa se twòp atò
Relasyon nou bati nan mansonj
M te fè tout viv ap tann yon chanjman
Oh Relasyon nou bati nan twonpri
M te fè tout viv ap tann yon chanjman tou
[Chorus]
Mwen ak besti nou konnen, nou konnen
Twou manti pa fon, twou manti pa fon
Mwen ak zanmi m yo konnen nou konnen
Yon mansonj ki dire pa vle di verite
Ensanse, ensansib, ou mechan, ou mechan ou mechan vre
Ou sou kou mwen sou men m oh oh
[Verse]
Sa fè lontan m gen kontwòl ou
Sa fè lontan n ap bon sou ou
Lè w panse n ap byen jwe
Poutan se nou k ap jere ou
Sa gen lontan se nou k ap jwe
Lontan jwèt la pa nan men w
Lè w panse w ap byen jwe
Poutan w pran echèk mat
[Chorus]
[Keyboard Solo]
[Hook]
[Verse]
Ou pa sou fè bagay serye, bye bye byebye
Lè pou m ta jwe a ekspire baby ou mèt fly
[Outro]
Ale baby m ale
Tan pou n jwe a pase
Baby m ale, m ale
[Keyboard Solo]