[Verse]
Ayiti se peyi pa m yo pa vle m viv ladan l
Pòtoprens kapital yo pouse do m ladan l
Nou anba menm drapo
Nou gen menm koulè po
Men nèg yo pran nou nan konplo
Toupatou se gè gè gè
Leta ret bèkèkè
Menm si m ta vle danse rara m pa ka moute bèlè
Peyi m chaje chimè m pa ka al bisantnè
M pa ka antre Sylvio Cator pou m al rale chenè adje wo
[Chorus]
Bondye eske w abandone n
Eske ou tou bliye n
Eske w pa janm gade doulè nou mizè nou
(2x)
[Verse]
Eske se la lanfè a ye – di m non, di m non
Kay malere y ap mete dife – di m non, di m non
Tou vivan moun yo ap boule – di m non, di m non
Fanmi pa jwenn kò pou antere
Pa gen bouzen gran ri ankò
Nou pa gen sinema ankò
Pa gen mwayen pou m al ranje machin mwen ri chanmas ankò
Pa gen bò katedral ankò
Nou pa gen ri pave ankò
Pa gen mwayen pou m al achte frechè andan gerit ankò
Pa gen vakans Decameroun
Ganm lajounen y ap kidnape moun
Andan lakay tounen prizon
Pandan n ap veye bal mawon,
[Chorus]