Peyi Mwen -Piti Piti

Genre-Other
Year-1988
Produced By-Pierre Rigaud Chéry
Peyi mwen gen anpil mòn
Dèyè mòn toujou gen mòn
Gen anpil ti sous kape koule
Ti zwazo kape chante

Si peyizan pa plante,
Anba lavil pap jwenn manje
Toupatou, renmen tout peyizan
Se yo menm ki sous la vi

Dèyè mòn, dèyè mòn gen anpil mòn
Se dèyè mòn solèy leve kouche
Se dèyè mòn istwa peyi'm kache
Se dèyè mòn ki gen anpil save

Peyi mwen gen anpil mòn,
Men mòn yo prèske finn chòv
Pou mòn yo kapab ilimine
Fò'n plante anpil pyebwa.

Lè sa ma jwenn bon frechè,
Anba tout ti kay an pay
Ma fete ak tout mwen peyizant
K'ap riske chak jou lavi'l

Dèyè mòn, dèyè mòn gen anpil mòn
Se nèg nan mòn ki gen pi bon lizay
Se nan tèt mòn viktwa peyi m kanpe
Se dèyè mòn ki gen anpil travay

Pa gen anyen ‘pou fè m bliye ti peyi m nan
Ti peyi m nan

Dèyè mòn, dèyè mòn gen anpil mòn
Se nèg nan mòn ki gen pi bon lizay
Se nan tèt mòn viktwa peyi m kanpe
Se dèyè mòn ki gen anpil travay

Peyi mwen gen anpil mòn
Dèyè mòn toujou gen mòn
Gen anpil ti sous kape koule
Ti zwazo kape chante

Peyi mwen gen anpil mòn
Peyi mwen se peyi mwen