Bonne Fête Manman-Ansy Dérose

Genre-Other
Year-1974
Lan tout fanm sou latè
Prensès ou malerèz
Manman se ou k' manman m
Malgre koulè lavi m, anyen paka chanje ke se ou k' te pote m
Pandan nèf mwa d'amou, d'espwa pou f'on gason
Si w pral avèk tout manman w
Lannwit lò m t' ap kriye, se ou k' te konn chofe m
Se ou k' te konsole m
Se ou k' te konn souri m
Se ou k' te fè m dòmi
Mèsi manman

Manman men flè m'keyi
Anba pye lakansyèl, lan jaden paradi
Pou m ka fè kè w kontan
Manman se ou m genyen
Pou m kriye, pou m chante
Bonne fête, manman

Lè m rete m'di manman, m'santi dlo vle koule
Tandrès anvayi kè m
Manman se ou k pi bèl
Manman se ou k pi bon
Manman, menm lè m'paka manje, zantray ou dechire

Manman men flè m'keyi lan jaden paradi
Anba pye lakansyèl, pou m ka fè kè w kontan
Manman se ou m genyen, pou m kriye, pou m chante
Bonne fête manman
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016