Ou Pa Endispansab-Mr Zomo

Genre-Afro/Dancehall
Year-2020
Featuring-MISTY JEAN
Produced By-Gwolyon Empire
Lyrics By-Arisma Marckenson
Depi w leve wap gadem nan je
Wap bay move jan, ou pa sou pale
Wap fè maledve, ou toujou boude
Ou pa janm gentan, ou toujou prese

Si pou male pou mal chèche
Lòt lanmou lòt kote
Si w pap rete pa kenbe pye m
Si pa gen lanmou an nou kite

Si w pa renmen m
Vinn dim sa anfas
Cheri se renmen m, renmen w
Men w pa endispansable
Siw pa bezwen m pa fèm fè grimas
Cheri se renmen m, renmen w, men w pa iranplasable

Ou pa respekte m ou antre lè vle
Ou panse w matyo, ou ka fè saw vle
Lanmou pa fèt ak sans inik
Ou renmen m, mwen renmen ou tou
Genlè w pranm pou yon ti komik
Ou pa vle m, mwen pa vle w tou
Bebe, wap mande m, pou m chanje
Epi ou varye ou nan telefòn lèw vle
Ak moun ou vle epi wap di se mwen
Menm ki, kraze relasyonn


Si w pa renmen m
Vinn dim sa anfas
Cheri se renmen m, renmen w
Men w pa endispansable
Siw pa bezwen m pa fèm fè grimas
Cheri se renmen m, renmen w, men w pa iranplasable

Siw pa renmenm, pa fèm fè grimas
Cheri se vre m renmen w
Men w pa iranplasable
Si w pa renmen m pa fèm fè grimas
Cheri se renmen m, renmen w
Men w pa endispansable

Si w pa renmen m
Vinn dim sa anfas
Cheri se renmen m, renmen w
Men w pa endispansable
Siw pa bezwen m pa fèm fè grimas
Cheri se renmen m, renmen w, men w pa iranplasable

Ye ohw oh hòw
Se renmen m, renmen w
Ou pa iranplasable
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016