Mete M Prezidan-Loji Baby

Genre-Raboday
Year-2020
Lyrics By-Loji Baby
Mete m (7x) oh
Mete m prezidan
Mete m (7x) oh

Sa k ap pale konsa sa m tande konsa
Mesye prezidan w ap rete prezidan
Sa k ap pale konsa sa m tande konsa
Mesye prezidan w ap rete prezidan

[Hook]
Lolo prezidan
Mike Homie senatè
Nounous Depite
Kite peyi m mache woh

M pa tizè pouvwa jenès la k vle sa
Di yo gon sèl chwa Lolo kandida
Manmi m di m pe la wap pran nan mera
W pa konn bout tè sa nèg yo pa jwe la
Ou te mèt kalifye tout Ayiti vote
Gen bagay y ap mande w fòk ou ka aksepte
Ou pral jwenn opoze ki pral vin kritike
Plede medyatize pou yo voye w ale
Adye wo

[Hook]

Granni nou dekole pa gen palè ankò
M wè tout moun pè desann anba nou pa gen vil ankò
Timoun yo dekole pa gen lekòl ankò
Tout moun granmoun fè sa yo vle nou pa gen chèf ankò
Gad on konplo fòk n òganize n
M pa ka soufri ankò fò n fè respekte n
International la kot sipò pa w la
Bagay yo tèt anba andan peyi a
Adye wo

M vle manje lokal
Ban m ti lopital
Sispann founi nou bal
Vyolans pa legal

Mete m (7x) oh
Mete m prezidan
Mete m (7x) oh
Mete m prezidan

Gad on pouvwa – le ciel ban mwen
Gad on pouvwa – manmi m ban mwen
Gad on pouvwa – zanmi m ban mwen
Gad on pouvwa – ma famille ban mwen
Gad on pouvwa – ghetto ban mwen
Gad on pouvwa – nèg lari ban mwen
Gad on pouvwa – peyi m ban mwen
Gad on pouvwa – dyaspora ban mwen

Non mwen pa ladan l – mwen pa ladan l non
Nan kontrebann sa m pa ladan l – mwen pa ladan l non
M di w non m pa fout ladan l – m pa fout ladan l non
Kidnaping sa m pap ka ladan l – m pap ka ladan l non
Anmwey m di w pa ladan l – mwen pa ladan l non
Pale moun mal sa m pa ladan l

Fòk nou avanse
Fòk nou deside
Fòk nou fè pwòpte
Pou touris ka antre wo
Fòk nou ankadre
Fòk n amelyore
Fanmi nou vle antre
Yo pa etranje

Mete m (7x) oh
Mete m prezidan
Mete m (7x) oh
Mete m prezidan
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016