Mwen Poko Jwenn Li-Kreyol La

Genre-Konpa
Year-2020
Featuring-Rutshelle Guillaume
Hey hey hey oh oh oh

M konn met on mayo w te ban m jou fèt mwen
Met pafen prefere w sou mwen
pou mwen ka pase jounen m avè w nan mind mwen

hey hey hey oh oh oh

si m ta di w kijan sa deranje mwen
lè m gade mesaj m ekri w
men m biye m te bloke w ou nan kontak mwen
men se ou ki te di m sa se ou ki te di m sa
ke lavi a ban m yon lòt

men m poko janm jwenn moun sa – eh eh
mwen poko janm jwenn moun sa – eh eh
m pa konn si lavi a chanje sa
men anatandan se poko sa
men m poko janm jwenn moun sa – eh eh
mwen poko janm jwenn moun sa – eh eh
m pa konn si lavi a ban m chans sa
m poko jwenn yon moun m renmen konsa
m poko jwenn li

pou m dòmi fò m gad foto w bò tèt mwen
vlope ak zorye w nan bra m
pou m ka santi lodè w kite sou dra mwen - eh eh oh oh

si m ta di w kijan sa deranje mwen
lè mwen wè pou m fè kòmsi
men m pa imajine yon lòt nan plas mwen
men se ou ki te di m sa se ou ki te di m sa
ke lavi a ban m yon lòt

men m poko janm jwenn moun sa – eh eh
mwen poko janm jwenn moun sa – eh eh
m pa konn si lavi a chanje sa
men anatandan se poko sa
men m poko janm jwenn moun sa – eh eh
mwen poko janm jwenn moun sa – eh eh
m pa konn si lavi a ban m chans sa
m poko jwenn yon moun m renmen konsa
m poko jwenn li

mwen jwenn moun renmen m poutan
men cheri e pa menm nan

[Keyboard Solo]
Isi Kreyol La tout moun konn rès la
Men bon bagay la
Ruth
Jo
Yo fè l e yo pral di nou fè l
Poutan e pa menm nan
Mwen poko, poko jwenn li
Lè foli a pran m m di koze m di koze a

Le foli a pran m, m pran pòz pale pale m
Pou aprè sa m delete li
Lè m fini m ekri yon liv yon paj jounal
Ke tikè te ka ekri
Anatandan m sere lanmou nou yon ti kote espesyal
Pou lè n manke moso m a pran tikal wa pran tikal
Le foli a pran m, m pran pòz pale pale m
Pou aprè sa m delete li
Lè m fini m ekri yon liv yon paj jounal
Ke tikè te ka ekri
Anatanda m sere w nan kè m tankou on tibwat sekrè
Pou lè n razè lanmou ma pran tikal wa pran tikal

[Keyboard]
Ruth
Joe
Yo pral di nou fè l wi
Se zen silvouplè
Poutan e pa menm nan

Mwen poko
Poko jwenn li


;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016