Peye M-Kreyol La

Genre-Konpa
Year-2020
Featuring-Tonymix
Peye m non (2x)
Peye m

He yow se mwen ankò pou la ènyèm fwa
M bouke kite mesaj ou pap mawon m fwa sa
Payans mwen ekspire m pare pou m eksploze
Pa di m mwen maledve si gen gwo mo k chape

Peye m non (2x)
Peye m - Ti afeksyon an baz, please
Peye m non (2x)
Peye m – Ou dwòl anpil fanmi

6 mwa pase konsa w ap woule pasi pala
M pat konnen w te Pele ni Maradona
Se chak jou w ban m espwa yon jou yon dat on mwa
Sak pi enève m se lè w move pase m nan

Ki moun ki dwe w papa, e pèp pou w bay li wi

Ti Joe prete m zòn nan, kouche
Ou tèlman nève m w ap fè trap
W pral peye m 1 2 pap padap
Ou dwe m 50 mèt ban m 20
Wa ban m tennis la pou monnen
Si w pa ban m lajan m m pap fon pa
Ou potko se kounya w nan ka
Ou pral peye m (4x)

[Guitar Solo]
E pa wap danse, ou serye

Wap fimen chicha chak swa w nan fubar
Poste sou nèt la, I’m living my best life
M bezwen vire m pa ka vire – kale m lajan m
Se sou kòb sa m te fout konte – kale m lajan m
Pandan ou dwe m mwen dwe yon lòt – kale m lajan m
Jan w woule mwen woule on lòt – kale m lajan m
Wap fimen chicha chak swa w nan fubar
Poste sou nèt la, I’m living my best life

[Guitar]

Moun ki dwe m yo (3x)
Moun ki dwe m yo peye m

Ou pa ka gen dèt pou wap fè gwo kòlè – wap peye m wi baz
Mwen pa ka prete w pou se mwen k ap flate w – wap peye m wi baz
Lè w te bezwen m nan w te trè jantiy – wap peye m wi baz
Kounya pou w peye m w ap fè figi w di – wap peye m wi baz
Tan yo chèlbè tan yo dwe di – wap peye m wi baz

Ou we jodya 0% f*ckin 100% likid

M rive sou ou – si w wè sa
M pap pran dyalòg – si w wè sa
Ou pa ka woule m de bò woule m de bò kon bòy – si w wè sa

[Keyboard]
Peye m tonè, w ap kale m lajan m klè
M rive sou ou – si w wè sa
M pap pran dyalòg – si w wè sa
Ou pa ka woule m de bò woule m de bò kon bòy – si w wè sa

[Keyboard]
Peye m tonè, w ap kale m lajan m klè

Kreyòl La Tony mix
An bourik tou ranni

Moun ki dwe m yo (3x)
Moun ki dwe m yo peye m

Ou pa ka gen dèt pou wap fè gwo kòlè – wap peye m wi baz
Mwen pa ka prete w pou se mwen k ap flate w – wap peye m wi baz
Lè w te bezwen m nan w te trè jantiy – wap peye m wi baz
Kounya pou w peye m w ap fè figi w di – wap peye m wi baz
Tan yo chèlbè tan yo dwe di – wap peye m wi baz

Ou tèlman nève m w ap fè trap
W pral peye m 1 2 pap padap
Ou dwe m 50 mèt ban m 20
Wa ban m tennis la pou monnen
Si w pa ban m lajan m m pap fon pa
Ou potko se kounya w nan ka
Ou pral peye m (4x)
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016