Mimi Miaww-Roody Roodboy

Genre-Raboday
Year-2020
Lyrics By-Roody Roodboy
Oh nah nah nah nah
Blòd blòd blòd blòd pa kana
Haspen on the beat again

Instagram m follow
Sou facebook m follow
Sou twitter m follow
Veye m ap veye w tande
Ou pral travay m follow
Ou pral lekòl m follow
Ou pral legliz m follow
Veye m ap veye w tande

Ou pa ka ap manje lajan m nan mal konsa – miaw miaw (4x)

Mimi mimi miaw
Mimi mimi mimi miaw

Ou mande m telefòn m ba ou l
Ou mande m laptop m ba ou l
Ou mande m machin m ba ou l
Ou mande m lajan m ba ou l
Lè m avè w ou pa vle anbrase mwen
W ape imilye mwen
Ou pa vle afiche mwen wap plede blaze mwen
Ou pa janm di m on ti je t’aime
Ou pran blòdè pou ATM
W ap mawon m ou pa vle rete prè m
Genlè w soti pou w rete kè m
Baby, cheri woyoy

[Groove]
Wouch manman
San magi, tougou

Ou mande m telefòn m ba ou l
Ou mande m laptop m ba ou l
Ou mande m machin m ba ou l
Ou mande m lajan m ba ou l
Lè m kouche avèk ou ou ban m do
Ou genlè pran m pou yon kongo
Ou janm vle ouvè janm oh
Manje lajan chango fò w peye chango
Ou pa bezwen enkyete w mwen pa la pou anbete w
Sèl sa mwen remake mayi m nan solèy
M wè se lòt kòk k ap beke w

Mwen pa janm ka fè yon bèk
Kòk mwen chante kokoriko

Ou tankou yon vanpi w ap dekale moun
Ou toujou bezwen al Decameron
Wè m gon machin nèf ou reklame youn
Kraze twa kanè bank sa w pa epanye youn

Mimi mimi miaw
Mimi mimi mimi miaw

[Goove]
Wouch manman
San magi, tougou