Notre Histoire-Nu-Look

Genre-Konpa
Year-2008
Produced By-Arly Lariviere
[Verse 1]
M konnen li pa fasil
Pou nou de viv yon idylle
San n pa rankontre pwoblèm
Chagren, touman, sou wout toutan
Medizans, interferens, refuze ba nou yon chans
Yo chita yap opine
yon jan pou fè mechanste ak de ke ki heureux

Se sèl nou menm ki kon n rezon lanmou donnen
Ki ka santi nou nan Chagren si lanmou n menase
Se sèl nou menm ki konnen sa nou pataje
Se nou ki gen dwa deside, si nou dwe kontinye

[Verse 2]
Lanmou se tolerans
Li mande anpil pasyans
Youn aksepte lòt jan n li ye
Ak tout defo, tout kalite
Gen de moun sa fè plezi
Gen de lòt ki vle mouri
Lè yo wè n an amoni
Yo di ke sa pral fini
Se yon moman de foli

Se sèl nou menm ki kon n rezon lanmou donnen
Ki ka santi nou nan Chagren si lanmou n menase
Se sèl nou menm ki konnen sa nou pataje
Se nou ki gen dwa deside, si nou dwe kontinye

[Keyboard Solo]
Tchek un deux

San konsidere tout tan nou envesti
Yo ta renmen atoupri detwi sa nou fin n konstwi
Konnen sa m genyen, mwen pa konn sa m pral jwenn
Avan w ban m vye konsèy, fò w sèten vi w son modèl

ou pa nan pozisyon, pa vinn di m sa pou m fè
Si w pa ka di m bien, pa di m anyen
Ou pa nan pozisyon, pa vin n di m sa pou m fè
Si w pa ka di m bien, pa di anyen


[Horns]

[Keyboard]

[Chorus]
Si mwen antò, se fot lanmou
Kondane m san rezon
San nou pa konprann, tout moun vle jije m
Pou fè tèt yo plezi
Santiman m yo pi fò ke mwen
Pale m mal san rezon
Di se de jou map fè, lanmou fè w pa wè klè
Pou fè lanmou n febli

Eske lè w nan pwoblèm m rele fanmi - non, non
Rakonte ti sekrè - non
Eske lè w nan pwoblèm m rele zanmi - non, non
Poum fè ti pil, gwo pil
Eske lè w nan pwoblèm m konn profite - non, non
Pou m di w ki sa pou w fè - non
Eske lè w nan pwoblèm, mwen konn pale - non, non
M toujou la pou m koute

Si mwen antò, se fot lanmou
Kondane m san rezon
San nou pa konprann, tout moun vle jije m
Pou fè tèt yo plezi
Santiman m yo pi fò ke mwen
Pale m mal san rezon
Di se de jou map fè, lanmou fè w pa wè klè
Pou fè lanmou n febli

[Horns]
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016