Fè M Dous -Joe Jack

Genre-Bolero
Year-1979
Lè m te fèk parèt nan lavi
Se tou nòmal mwen renmen fi
Pat kesyon de mennaj pou mwen
Pov vye mwen menm sa k te bezwen m
Jènjan bwòdè motosiklèt otomobil j’étais bébé
Pouki rezon w rayi sa la
Pèsonn pa dwe m se vi m se kwa m

[Kè]
Ti manman m fè m dous
Pou m bliye imilyasyon mwen
Ti cheri fè m swa
Pou m bliye tout sa fanm fè m

Mwen pase maladi damou
Tourman lapèn imilyasyon
E vagabon pase m nan jwèt
Sa k pi konprann m fè l an ba dan
Si m te koute chwichwi chwichwi
Lè moun te di m te on ka pèdi
Mwen ta refije nan yon vye kwen
Chyen ta tranpe kasav pou mwen

[Kè]

Mwen pa sa fè chofè taxi
M pa menm ka kenbe yon bwa fizi
Pa fè m konfyans konte lajan
On pyas de pyas egal menm jan
Mwen se lanmè m pa sere kras
Epi atò tout moun ka wè l
Fò m pa fè lanati twòp tò
Li fè m anpil bèl ti kado

[Kè]
Ti manman m fè m dous
Pou m bliye imilyasyon mwen
Ti titit fè m swa
Pou m bliye tout sa fanm fè m