Rasanble-Tabou Combo

Genre-Konpa
Year-1994
Ayisyen kote n prale nan tèt chaje sa
Kote n ap rive nan deblozay sa wo
Peyi a fin tonbe nan men nou an ye
Peyi a fin tonbe nan men nou
Ayisyen Ayisyen kote n prale nan tèt chaje sa
Kote n ap rive nan deblozay sa wo
Peyi a fin tonbe nan men nou an ye
Peyi a fin tonbe nan men nou

[Verse 1]
Peyi nou divize – ay ayayayay
Peyi nan tèt chaje – ay ayayayay
Moun anwo pa desann lavi oh
Sa fè lapenn oh
M ape rele anmwey – ay ayayayay
M ap rele oh sekou – ay ayayayay
Rasin pa mele a Konpa oh se dilere sa

[Refrain]
Se pa rezon sa pou n ap mande charite
Sa ki pa konnen nou pa gen respè pou nou
Se pa rezon sa pou n ap mande charite
Sa ki fèk konnen nou panse se konsa n te fèt

[Keyboard Solo]

[Refrain]

[Solo]
We, ala konpa move

Rasanble rasanble wo – an nou rasanble
Rasanble rasanble wo – an nou rasanble
Ayisyen an nou rasanble – an nou rasanble
Moun anba an nou rasanble – an nou rasanble
Moun anwo an nou rasanble – an nou rasanble
Mizisyen an nou rasanble – an nou rasanble

Se pou nou rasanble

Rasanble rasanble wo – an nou rasanble
Rasanble rasanble wo – an nou rasanble
Konpa an nou rasanble – an nou rasanble
Mizisyen Rasin an nou rasanble – an nou rasanble

Se pou nou rasanble

[Keyboard Solo]
Wepa
Wepa wepa

[Refrain 2]
On sèl pitit
On sèl manman
On sèl papa
Pa kite l deperi
On sèl pitit
On sèl manman
On sèl papa
Gade jan lap soufri

Lontan lontan nou te grenadye
Kounya nou tounen va nu pye
Toupatou kote n pase n ap mande ospitalite
Fò nou pa bliye n te sere kole
Lè nou tap bat pou n libere
Jodi a nou gen on nasyon k ap fin peri nan divizyon

[Refrain 2]

Poukisa m ap mande poukisa
On pèp ki gen menm kilti
pa ka viv tankou yon fanmi
Poukisa m ap mande poukisa
Haiti la perle des antilles
Oh mon Dieu oh

[Refrain 2]

[Horns]

An nou sove peyi sa
Moun Lenbe moun Latibonit
An nou sove peyi sa
Moun Petyonvil moun Pòdpè
An nou sove peyi sa
Jeremi Okay Tibiwon
An nou sove peyi sa
Moun Senmak Moun Okap
An nou sove peyi sa
Moun Pòtoprens moun Jakmèl
An nou sove peyi sa
Ayisyen dans le monde entier
An nou sove peyi sa
An nou sove peyi sa
An nou sove peyi sa

[Horns]
An nou sove peyi sa
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016