Don't Let Go-Richie

Genre-Konpa
Year-2010
Produced By-Richard Herard
Lanmou fè zòtèy lonje, Konsa li fè je koule
Li fè gen moun ki egziste pandan kouran vi yo koupe
Li ka fè lanej tonbe pandan solèy ap briye
Lanmou fè granmoun tounen bebe
Ooooo nan tout jounal sou tout paj se de sa yo pale
Poukisa pifò maryaj jodia pa dire
Olye n chwazi reziye n, pouki n pa eseye
Kenbe lanmou nan de pye, pou nou sove fwaye
Lè madanm nan move tan l, m al chache konsey paran
Mande manman papa m kijan ane sa fè yo 35 an
Yo di mwen pa gen sekre, kit li dous kit li anme
Nan lanmou fo w toujou pre pou w goumen

Ooooo nan tout jounal sou tout paj se de sa yo pale
Poukisa pifò maryaj jodia pa dire
Olye n chwazi reziye n, pouki n pa eseye
Kenbe lanmou nan de pye, pou nou sove fwaye
Baby don’t let go (dont let go)
Don’t let go of your love

[Guitar Solo]
Cheri je m ap fè dlo
El Pozo
M ap kriye

Pa kite mennaj ou pou nenpòt bagay
La vie n’est pas parfaite, elle est pleine de defaite
Lanmou fè dlo bouyi sot nan frijidè
Zanmi se pa manti m ap fè
Li ka fè dlo glase soti nan chodyè lanfè

[Chorus]
Granmoun lontan te konn triche
Te toujou gen ti vyolans ti joure
Men kijan fè yo te kenbe
Paske yo te kwè nan lanmou
Pa gen pwoblem san solisyon
Pete kouri pa yon opsyon
Paske relasyon se konsesyon

Pa kite mari a w pou nenpòt bagay
La vie n’est pas parfaite, elle est faite de defaite
Lanmou fè dlo bouyi sot nan frijidè
Zanmi se pa manti m ap fè
Li ka fè dlo glase soti nan chodye lanfè

[Horns]

[Keyboard Solo]
Ti medam
Konpa yo pè a
Konpa ti papa

Te konn gen ti pa chat
Ti jwèt chen ak chat
Pa gen anyen k vreman k chanje
Selman ogey nou ki te prime
Lobey te konn pete
Apre sa li jere
Avan anyen, oh wi m ka fè mieux
Sa rann timoun yo maledve

[Chorus]

Te konn gen ti pachat
Ti jwèt chen ak chat
Pa gen anyen k vreman chanje
Sèlman ogèy nou ki te prime
Lobey te konn pete
Apresa li jere
Avan anyen, oh wi m ka fè mieux
Sa rann timoun yo malelve
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016