Kite Pa Meyè Solisyon-Rayy Raymond

Genre-Konpa
Year-2020
Featuring-Vanessa Desiré
Produced By-Rayy Raymond
Lyrics By-Rayy Raymond
[Verse 1]
Nou konn nan de sitiyasyon
Ki rann nou poze tèt nou kesyon
Eske n dwe kenbe oubyen kite sa tonbe
Sa konn bay dlo nan je
Lè sa pa mache jan n te swete
Men pa kite eprèv yo dekouraje n

[Pre-Chorus]
Dèfwa moman yo konn difisil se vre
Nou konn menm vle dekouraje
M konn vle abandone
Men lè m ap reyalize
Tout sa nou andire ansanm ohh
Baby kwè mwen,

[Chorus]
kite pa mèyè solisyon
oh non (3x)
kite pa mèyè solisyon
oh non (3x)
kite pa mèyè solisyon
oh non (3x)
an nou rezoud pwoblèm yo ansanm

[Verse 2]
Se pa konsa l te ye avan
Mwen santi mwen bouke
Se kòmsi lanmou
Kite n nan mitan chimen an
Ban m yon rezon pou m kwè
Ke nou ka travèse san n pa oblije separe

[Pre-Chorus]

[Chorus]

[Keyboard Solo]

[Bridge]
Pou sa n pase toulède – sa pa ka fini konsa
Pou jan n lite pou n ere – sa pa ka fini konsa
Si w wè m tonbe ban m men pou m leve
Pou n kontinye avanse
Mwen vle w konte sou mwen
Jan mwen konte sou ou
Pou n ret soude ansanm oh bebe

[Keyboard Solo]

Pou n pa lage
An n pa lage sa baby
Paske kite pa kite, pa mèyè solisyon
An nou ret soude
Met men w nan men mwen
Ann rezoud pwoblèm yo ansanm
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016