Rest In Peace-Roody Roodboy

Genre-Afro/Dancehall
Year-2019
Featuring-Bordes Jules
Produced By-Manno Beats
[Intro]
M pran kou
M pran kou vre
M pran kou
Nan tèt mwen w mouri e nan kè m ou mouri deja

[Verse 1]
Ou mache sou fyète m ou plede imilye m
Ou menm abondone m paske m pat gen on goud
Met tout afè m nan plan oh
malgre w pat menm pran ka m oh
sa pat janm deranje w paske nan je w m pat moun
si m pat gen tèt m te ka vòlè pou ou
ou ekzije m menm sa m pat ka ba ou
ou bay kò w pou byen materyèl
kounya lavi m chanje ou vle ban m ti rès la, vòlèz

[Chorus]
rest in peace, rest in peace makomè
rest in pease
Nan tèt mwen w mouri e nan kè m ou mouri deja

[Verse 2]
W abandone m nan moman m te plis bezwen w
Ou gaspiye m anpil ane pandan m te renmen w
M antre nan sòl pou ou
M pran kont ponya pou ou
Peye lekòl pou ou sa pou m te fè ankò
W ale kite m pou yon lòt ki pa menm bezwen w
Menm lopital ou pat janm la pou w te vin pran swen m
Kounya bondye chanje lavi m m ap byen pase
Ou retounen pou w vin ban m bill
Rest in peace blofè

[Chorus]

[Verse]
Nan dèyè yon lòt ou tap kouri
Panse san ou lavi m tap fini
Kounya m jwenn yon moun k ap fè m souri
K ap fè m rejwi

Ou san pitye
M ap travay di ou menm ou t ap banbile
Plede blese m jouk maleng nan anpire
M leve bonè m tal travay di pou ou

[Outro]
M pran kou
M pran kou vre
Nan tèt mwen w mouri e nan kè m ou mouri deja