Kisa Pou M Fè-Kenny

Genre-Afro/Dancehall
Year-2019
Lyrics By-Kenny
[Intro]
Chada padipidap
Pappada
Oh oh hey

[Verse]
Chak jou m leve cheri se ak ou m ap panse
Depi m kole je m a ou se ou sèl mwen reve
M vle pou kò w ak kò m kole k on glou
Nan tout istwa damou y ap nonmen non nou
Baby mwen vle pèdi kon de moun fou

[Pre-Chorus]
Anyen ankò m pa vle posede ke ou
M ape fè rès vi m ap pale de ou
M ta vle n rete soude pou n pa janm dekole

[Chorus]
Kisa pou m fè hey
Pou m sove on lanmou
Pou m sove on lanmou

[Verse]
Cheri w fè m high high High up in the sky
Depi m avè w m santi m ta bo w nan tout vizaj
Ba w ti masaj fè ti jwèt avè w karese ti kò w san n pa batay
Avè w sèlman doudou m santi m ta fè sa
Ou se sèl fanm ki fè m santi m nan dènye grenn levèl sa
Bò kote w m ta vle rete menm lè lavi di
Se la m ta vle konnen ni lanfè ak tout paradi

[Pre-Chorus]

[Chorus]

[Bridge]
Pouki w kite kè m ap rache
Eske m se paske m pa fè ase hey
Oh non
Sa fè dèzane m ap pale
Ou fè kòmsi w pa tande

[Chorus]