Inosans Mwen-Atis Meteyer

Genre-Konpa
Year-2019
Lyrics By-Atis Meteyer
Chat boule nan dlo Cho, li wè dlo frèt li kouri.
A koz de sa'w sibi.
Ou wè tout gason dwe mouri.
Ou pran plezi, w' fè'm peye sa lòt moun fè'w.
Men malgré tou m' deside rete prè w'.

M'ap soufri Ak kouraj.
Soufri Ak yon jwa nan kè'm.
M'ap souri ba'w malgre sa'w fè'm .
Malgré tou mwen vle'w rete prè'w
Paske m' konnen , M konnen ,M konnen.
Yon jou la jou.
Wi wa va konprann lanmou m'
Yon jou la jou
Wa va wè tout gason pa menm.
Yon jou la jou m'espere wete w' nan fènwè.
Inosans mwen pral prouve w' kijanm renmen w'.

[Chorus]
Oh (4)

[Chorus]

Cheri m' son inosan,; ou wè m' son inosan (2)
[Kouplè]

Si se poum ale nan lanfè al chèche kè 'w. ( M pa pè) koral

Si poum nwaye nan dlo tristès ou poum sove 'w. (M pa pè)

Si pou yo kloure mwen sou kwa pou'w libéré . (M pa pè)

Jis pou'm pwouve'w kijan m' renmen

[Chorus]
Montrew kijanm renmen w
E montre'w tout gason pa menm..

[Refrain]

[Chorus]

Oh (8)
Chéri M son inosan
Ou wèm son inosan)

[Refrain]

W' refize renmen paske pake'w pè soufri.
Se komsi ou pa vle. Viv paske pè mouri.
A koz sa'w sibi fè kè'w vin pi di.
Ou vin pran plezi nan fe moun soufri. Cheriiiii.
W' te ouvè kè'w bay moun ki pat janm konprann ou.
poutan lanmou'm pou ou te chità la ,lap tann ou.
Yon jou la jou ,wi wa va di gen bon gason toujou.