M Ap Trepase-Harmonik

Genre-Konpa
Year-2019
[Verse]
Viv ou wè m ap viv, sa pa vle di ke mwen nòmal
Non mwen pa nòmal
Ri ou wè m ap ri, pa panse anyen pa fè m mal
Mal mwen santi m mal
Fò w ta gade andan m pou wè jan sa grav
Pou w wè jan sa grav
Fò w ta teste nan san m pou w wè jan m pa bon
Pa bon
Men lanmò frape pòt mwen lavi m an danje

[Hook]
M ap trepase – si w pa vin bo m sou bouch
M ap trepase – si w pa vin bo m bò kou
M ap trepase – si w pa vin bo m sou vant
M ap trepase – cheri prese prese

[Guitar]
Avan l twò ta

[Verse]
Bat ti kè m ap bat, sa pa vle di m ap wè demen
Non m pa wè demen
Fò w ta antre nan kè m pou w wè jan sa grav
Pou w wè jan sa grav
Fò w ta goute doulè m pou w wè jan m pa bon
Men lanmò frape pòt mwen lavi m an danje

[Hook]

[Horn]

Si w pa fè prese prese ou mèt tou vin antere m

[Keyboard]
Dwèt selès la
Oh Jesus, gad on konba

Eske m ap ret vivan
Se sèl ou ki konnen

Si ou vle ban m lavi
Ou konn tout sa m bezwen kap bon pou mwen
Si ou vle sove vi m
Ou konn tout sa pou w fè pou m satisfè
Si w pa fè l

[Choir]
Si w pa fè l (2x)
Kriminèl ou ye (2x)

Si w pa fè prese prese ou mèt tou vin antere m

[Keyboard]

Eske m ap ret vivan

[Hook]

;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016