Ret Nan Liy Ou-Klass

Genre-Konpa
Year-2019
Featuring-Master Brain
Se nou papa
Konpa dirèkteman
Kenbe liy ou

[Verse]
Sonnen tanbou woule tanbou
Bonè fèt pou mwen tou
Aswè a m pral selebre
Mwen toujou bay priyorite zanmi kou etranje
Pandan ke mwen menm ak fanmi m yo neglije
M konn remèsi chyen se kout baton li ye
M pa di moun pat fè byen mwen just swete n sonje
Sak konn avi wè w la pou n kòmanse

[Horns]
Gode emaye se pa mwen k degrade w, se tonbe w tonbe

[Guitar]
Rete nan liy ou zanmi ou va rive
Konsèy de Klass

[Chorus]
Kwit sa w ka manje
Zanmi fò w tande woy woy
Rete nan liy ou pa deraye
Kou sa bon yo vle w
Kou sa pa bon yo jete w woy woy
Yo tout pral dezète w

F on ti pwoche pi pre tande m

[Verse]
Piga w pèdi tan w rayi sa k douvan w
Yo te nan li y nan avan w
Travay pou w chanje plas
men pa janm sote klas – tande pawòl sa
lèzòm yo enjis pi mete m nan lis mwen pap preche w egoyis
si w pa renmen tèt ou pa gen pèsòn sou latè k pral fè l pou ou

[Chorus]

Piga w pèdi tan w rayi sa k douvan w
Yo te nan li y nan avan w
M di travay pou w chanje plas
men pa janm sote klas – tade pawòl sa
zanmi fò w veye moun wap frekante
ou g on liy pou w respekte
gode emaye se pa mwen k fout degrade w, se tonbe ou tonbe
tonnè

[Horns]
Manbo
Francois Papa kenbe liy ou tande
Masterbrain, ou jwenn address la ?

[MasterBrain]
Danje a goch, danje a dwat epi dèyè w chaje jalou
Ret nan liy ou
Pou w rive renmen tout moun
Dabò fò w damou tèt ou si non pa vin pale m de lanmou
Danje anwo, danje anba, epi malè pandye sou ou m di w
Ret nan li ou

[Keyboard]
Konpa konpa konpa
Loulou klass
Klass
Jakento
Rekòmanse
Ateri rapidite
Atansyon

[Guitar]
Ay ay, Ritchie nou nan liy nou tande
Sa Nixon genyen
Chante

[Outro]
Se Klass li ye
Tonton pa kriye
Se Klass li ye - nan klass tout pawòl pale leson tonbe
Tonton pa kriye - se pa san rezon se nou yo adopte la
Se Klass li ye
Tonton pa kriye
Se Klass li ye - enèji nou degaje lè n ap frape
Tonton pa kriye - djaz la fè dife leve moun transande
Se Klass li ye
Tonton pa kriye

Atansyon
Hahaha hahaha
Konpa dirèteman
Chante

Se Klass li ye - nan Klass tout pawòl pale leson tonbe wi
Tonton pa kriye - se pa san rezon se nou yo adopte
Se Klass li ye
Tonton pa kriye – lè liy nan long se sou moun dèyè w la w pran kouraj tande ti my friend

[Horns]
Manbo
Kastel, Ti Yves Leroi kontan
;

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016