Se Pa Pou Ou-Troubleboy Hitmaker

Genre-Reggae
Year-2019
Produced By-Samy
Lyrics By-Trouble Boy
[Hook]
M tande m tande yo di m enfidèl se pa pou ou
M tande m tande yo di m pa konn renmen se pa pou ou
M tande m tande yo di m pa jalou se pa pou ou
Heinhein cheri ou fè m damou

[Verse 1]
Ou chanje m konplètman lavi m clean kon vètman
Nan klasman kè m wap domine se ou k an tèt lan
Avan m te rankontre w cheri m te player
Ou antre nan vi m ou chanje game nan ou fè m vin meilleur
Tan pase, tan pase, m finn ranse
Ann fè bagay serye cheri, ann fiyanse (2x)
Ann marye nan figi yo, ann fè l nan figi yo
Yo gen pou yo sezi lè n ap byen pase nan figi yo
Ann marye nan figi yo, ann fè l nan figi yo
Yo gen pou yo sezi lè n ap byen pase nan figi yo

[Hook]

[Verse 2]
Ou di m ou pa renmen m vre, w panse m tap bay vag
Di yo m pral fiyanse paske m ap bay bag
W ap we a on pil a on pakèt si se pou fi
Wi m te gen on pil on pakèt oh baby
Kounya se ou ki sèl mèt
Ou te la pou mwen, m ap toujou la pou ou
Ou bel pou mwen, m ap toujou bo pou ou
M tèlman renmen w vini m fè ti bo pou ou
M pa ka pase on jounen pou m pa panse ak ou

[Hook]