Tout Moun Sou Kou (Freestyle)-Troubleboy Hitmaker

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2019
Produced By-Sammy
Lyrics By-Trouble Boy
Sammy on the beat

[Verse 1]
Ou gen vi pa w m gen vi pa m
Pa met nan tèt ou m pral viv pou ou
Ou fè chwa pa w m fè chwa pa m
Pa di m rele aba oubyen viv pou ou
Pale mal nan do m lè w wè m wap souri
Se nòmal lè m wè w pou monte vit sou ou
Kale m kòb mwen près pa mande m rabè
Se mwen ki pou fè party a lit pou ou
Ban m on kou kleren pou m ka sou koulè m
M wè twòp moun sou kou sou ti bout tè sa
Jacky s on bandi li envensib
Lè l monte teren li vin envizib
Nèg ki pa fè boutèy la fè plis foto
Li fè foto li fè video
Kounya menm paste lage nan fè krèy
Pwomèt nan vè rezilta se sèkèy

[Hook]
Swete byen pou ou men se pa sa yo vle
Pa kwè yo (2x)
Priye pou ou yo pa vle byen rive w
Zafè yo (2x)
Enterè pa yo yap defann depi toujou depi toujou
Ni gouvènman ni opozisyon tout sou kou
Tout moun sou kou (4x)

[Verse 2]
Nèg lari met may pou l ka gen chèn
Limena met may pou l pase krèm
Imoral toujou la pou fè moral
Poutan se yo ki pi imoral
Mesye mesye kakout pran bal (2x)
M pa konn si se djakout m pa konn si se TVice
Sèl sa m tande kakout pran bal
Pèp la rele anmwey di l pa vle kanaval
Gen kèk atis ki di yo vle kanaval
Se sa k ba yo bwè se li k ba yo manje
Yo sèmante yo vle kanaval
M pap kritike yo mizik se metye yo
Mass pep la grangou mesye fò n ede yo
Dat n ap fè yo danse dat n ap chante pou yo
Ann f on bliye tèt nou pou n soufri pou yo